Nou se yon òganizasyon ki finanse pa sous prive, ki dedye pou konekte imigran adilt k ap aprann ESL ak titè volontè atravè tout peyi a.
Atravè finansman prive ak gras a kominote volontè nou an, pwogram nou an 100% gratis pou imigran Ozetazini ki pa kapab peye leson patikilye 1:1. Nou te konsevwa pwogram nan pou li fonksyone sou entènèt, konsa pa gen okenn depans pou liv oswa lojisyèl.
Klas gratis leson patikilye angle kòm dezyèm lang (ESL) nou yo fèt pou ede w amelyore angle w rapidman. Pwogram sa a se pou imigran adilt Ozetazini (ki gen plis pase 21 an) ki satisfè kritè sa yo:
Nou la pou ede imigran Ozetazini amelyore anglè yo pou yo ka kominike pi byen ak fanmi yo, pouswiv opòtinite karyè ki pi rekonpanse, epi aplike nan lekòl.